Foto yon fanmi kontan renouvle asirans sante

Asistans Renouvèlman

Ranpli fòmilè a pou pwograme yon randevou pou yon Reprezantan Fidelis Care pou rele w oswa rankontre w an pèsòn pou ede w ak renouvèlman asirans sante w. Si dat limit pou renouvèlman w lan se nan 3 jou kap vini yo, rele Fidelis Care nan 1-866-435-9521; TTY: 711 oswa NYSOH nan 1-855-355-5777 pou asistans imedya.

Loading...
Ranpli fòmilè ki anwo a epi yon Reprezantan Fidelis Care ap kontakte w. Nou kapab reponn kesyon w yo ki gen rapò ak pwosesis renouvèlman an pa telefòn.

 

Tan pou renouvle an se KOUNYEA!

Fidelis Care kapab ede w evite pèt kouvèti:

➪ Reponn kesyon w yo konsènan renouvèlman kouvèti asirans lan

➪ Gide w nan tout pwosesis renouvèlman an

➪ Rankontre avèk yon reprezantan Fidelis Care an pèsòn

➪ Revize kouvèti aktyèl ou a epi fè w konnen nouvo chwa pwodwi ki pa koute chè


Piga w mize! Rele 1-866-435-9521 jodia, ranpli fòm 'Kontakte M' ki anwo a, oswa pase nan youn nan biwo pratik nou yo pou jwenn asistans. Pou jwenn biwo ki pi pre w la, vizite fideliscare.org/biwo.

Lis Enfòmasyon sou Renouvèlman

Te prepare enfòmasyon w yo ki pi ajou.


Yo pral mande w pou bay:

➪ Adrès ou

➪ Revni lakay ou ak kantite manm fanmi w yo

➪ Chanjman nan sitiyasyon imigrasyon

➪ Nenpòt asirans sante ke w kalifye pou resevwa nan men anplwayè w la

➪ Nenpòt lòt asirans sante ou genyen

➪ Chanjman nan sitiyasyon elèv aplentan

➪ Dènye enfòmasyon sou deklarasyon taks ou a