Member
Providers
Shop For a Plan

Foto yon fanmi kontan New York k ap renouvle asirans sante

Renouvle Asirans Sante W la

Fidelis Care vle manm yo konnen ke asirans sante w la pap renouvle otomatikman ankò. Si ou se yon manm nan Medicaid Managed Care, Essential Plan, HealthierLife (HARP), oswa Child Health Plus, ou DWE RENOUVLE asirans sante w pou konsève kouvèti w la san entèripsyon.

Kilè w ap bezwen renouvle kouvèti w la?
Ki enfòmasyon w ap bezwen pou renouvle kouvèti w la?

Pou w renouvle asirans ou a, w ap bezwen enfòmasyon ki annapre yo:

  • Adrès Postal Ou a
  • Revni total lakay ou
  • Enfòmasyon konsènan kont Pwogram Asirans Sante Eta New York la (NYSHIP), si w deja enskri nan pwogram sa a
  • Enfòmasyon konsènan kalifikasyon asirans sante w nan yon travay, oswa enfòmasyon sou prim asirans sante ou deja ap peye
  • Nenpòt lòt asirans sante ou genyen
  • Tout moun ki abite lakay ou, ak nenpòt chanjman nan gwosè fanmi an
  • Chanjman nan estati elèv aplentan (si sa aplikab)
  • Chanjman nan sitiyasyon imigrasyon
  • Kijan ou planifye pou ranpli taks ou yo

3 Fason Fidelis Care Kapab Ede w Renouvle:

Rele Nou

Rele Fidelis Care nan
1-866-435-9521; TTY: 711

Lendi pou rive Vandredi, 8:30 pou rive 6PM

Pran yon Randevou

Ranpli fòm kontak nou an, epi yon Reprezantan ap rele w.

Si dat limit renouvèlman w lan se nan 3 pwochen jou yo, rele Fidelis Care oswa NY State of Health pou asistans imedya.

Vizite Nou

Vizite youn nan biwo kominotè nou yo oswa StreetSide RV pou asistans pou renouvèlman.  

 

Renew-Your-Coverage

Si W te Enskri Atravè NY State of Health

Si w te enskri nan asirans sante ou atravè NY State of Health, ou kapab renouvle tou dirèkteman avèk yo. Rele NY State of Health nan 1-855-355-5777; TTY: 1-800-662-1220, Lendi-Vandredi soti 8 AM-8 PM oswa Samdi soti 9 AM-1 PM. Oswa, ou kapab vizite nystateofhealth.ny.gov 24 èdtan pa jou, 7 jou sou 7.


Si W te Enskri Atravè Depatman Sèvis Sosyal Lokal ou a (LDSS) oswa Administrasyon Resous Imèn NYC

Ou ta dwe resevwa yon lèt nan men Depatman Sèvis Sosyal Lokal ou a (LDSS) oswa Administrasyon Resous Imèn NYC (HRA). W ap bezwen swiv enstriksyon ki nan lèt la pou renouvle. Si w gen kesyon, rele Fidelis Care nan 1-866-435-9521, TTY: 711.

Renew-Your-Coverage

 

Ou kapab chwazi enfòmasyon enpòtan sou renouvèlman pou Plan Sante ki Kalifye, Medicare ak Dual Advantage, ak Fidelis Care Adomisil (Managed Long Term Care) anba a:

Fidelis Care Adomisil | Managed Long Term Care (MLTC)

Ou dwe renouvle pòsyon Medicaid kouvèti w la yon fwa pa ane. Anvan li lè pou renouvle, w ap resevwa yon avi pa lapòs ki pral di w tout sa ou bezwen konnen sou renouvèlman kouvèti asirans ou an. 

Si w pa resevwa yon avi, oswa ou genyen kesyon:

·        Rele Fidelis Care nan 1-866-435-9521, TTY: 711, 8:30 AM - 6 PM Lendi jiska Vandredi

·        Vizite youn nan Biwo Kominotè nou yo  pou yon randevou an pèsòn. 

 

Swen Sante Pa Fidelis Care | Medicare Advantage

Manm Medicare Advantage yo pa gen yon pwosesis renouvèlman chak ane.  Sepandan, ou kapab chwazi chanje kouvèti Medicare Advantage ou a ant 15 Oktòb ak 7 Desanm (Peryòd Eleksyon Anyèl) pou kouvèti an valab apati 1ye Janvye ane kap vini an. 

 

Swen Sante Pa Fidelis Care | Dual Advantage

Si w genyen kouvèti sante Fidelis Care Dual Advantage, epi w enskri nan Pwogram Medicaid Eta Nouyòk la, ou dwe renouvle pòsyon Medicaid kouvèti w la yon fwa pa ane. W ap resevwa yon avi pa lapòs ki pral di w tout sa ou bezwen konnen sou renouvèlman kouvèti asirans ou an.

Si w pa resevwa yon avi, oswa ou genyen kesyon: 

·        Rele Fidelis Care nan 1-866-435-9521, TTY: 711, 8:30 AM - 6 PM Lendi jiska Vandredi 

·        Vizite youn nan Biwo Kominotè nou yo pou yon randevou an pèsòn. 

·        Rele oswa vizite Depatman Sèvis Sosyal Lokal ou a  oswa Sant Administrasyon Resous Imèn (HRA) .

 

Ambetter pa Fidelis Care | Qualified Health Plans (QHP)

Si w gen yon Plan Sante Fidelis Care ki Kalifye (youn nan plan nivo "metal" nou yo) atravè NY State of Health, Mache Ofisyèl Asirans Sante a, ou kapab chwazi pou w konsève oswa chanje kouvèti sante w la pandan peryòd Enskripsyon anyèl la ki Ouvè. Anvan li lè pou renouvle, w ap resevwa yon avi pa lapòs, imèl, oswa telefòn ki pral di w tout sa ou bezwen konnen sou renouvèlman kouvèti asirans ou an. Si w gen kesyon konsènan renouvèlman kouvèti asirans ou ye kounye a, oswa bezwen swen sante w yo chanje:

·        Rele Fidelis Care nan 1-866-435-9521, TTY: 711, 8:30 AM pou rive 6 PM, Lendi jiska Vandredi

·        Vizite youn nan Biwo Kominotè nou yo pou yon randevou an pèsòn.

Pandan peryòd Enskripsyon anyèl ki Ouvè a, ou kapab renouvle kouvèti asirans ou an tou dirèkteman avèk NY State of Health. Pou Kòmanse:

1.     Vizite www.nystateofhealth.ny.gov epi klike sou "Kòmanse."

2.     Swiv enstriksyon yo pou kreye yon ID NY.Gov si w poko gen youn.

3.     Apre w fin konekte, w ap bezwen antre kòd envitasyon w lan. Sa ki enkli nan lèt ou te resevwa a (ki sitiye anba etap 2 nan enstriksyon yo).

4.     Swiv enstriksyon yo sou sitwèb NY State of Health la pou konplete renouvèlman w lan.

Ou kapab renouvle tou nan telefòn nan lè w rele Liy Asistans NY State of Health la 
1-855-355-5777
.

Bezwen èd avèk aplikasyon anliy ou an? Nou kapab asiste w tou nan telefon osinon an pèsòn. Rele Fidelis Care nan 1-866-435-9521 jodia.